Kaye Pedagojik – Version Creole

Nan Kad pwojè Edike nan sèvi ak Atizay, siman pou yon viv ansanm san fòs kote ant Ayisyen ak Dominiken, yon komite binacional te elabore yon seri kaye pedagojik atistik ak kiltirel.Anndan komite a te gen dè ekspè pedagojik (Aysyien ak Dominiken) epi douz pwofèsyonèl nan 10 disiplin àtistik. Pwofesyonèl sila yo te pwopoze aktivite epi ekspertiz yo te adapte yo pou yo koresponn ak nivo ti moun yo, referansyèl konpetans yo epi prensip pedagoji aktiv yo. Se aktivite sa yo ou pral jwenn nan kayè pedagojik yo. Kaye yo disponib na twa lang: kreyol, panyol ak fransè. Yo fit pou gide edikate yo nan mizanplas atelye pratik àtistik nan ekol yo tankou nan sant kiltirèl yo. Kaye sa yo konsevwa sou modèl Pedagoji Lawouze, enspire ak woman Jacques Roumain an ki rele Gouverneurs de la Rosée. Pedagoji pèmèt elèv yo tourne aktè ni aprantisaj yo ni anndan kominote yo paske li abòde val tankou bon vwazinaj, àmoni ak lanati a, rekonsilyasyon epi pàtaj zilè a. Kaye yo reprann Pedagoji Lawouze a nan disiplin sila yo: patrimwan mobilye, teyat, mizik, dans, atizay plastik, fotografi, ekriti, àchitekti, sinema, enfòmasyon ak kominikasyon.Jan aktivite yo fit bay edikatè posiblite pou adapte divès disiplin yo avèk istwa lokal ansanm ak kontèks sosyal kote y ap aplike pwojè a.