Nòt pwotestasyon kont zak asasinay atis Jean Junior Alphonse (PAPADA)

Nòt pwotestasyon kont zak asasinay atis Jean Junior Alphonse (PAPADA)
© Bill Bollendorf, 2006

Pòtòprens, 11 desanm 2020. – Nou menm òganizasyon ak aktè kiltirèl nou denonse ak tout fòs nou zak asasinay ki fèt sou atis eskiltè Jean junior Alphonse (PAPADA) jou ki te madi 8 desanm lan sou Granri. Nan temoyaj fanmi atis la, PAPADA jwenn lanmò nan yon diskisyon ak yon ajan Polis Nasyonal d Ayiti.

PAPADA se youn nan viktim konpòtman zak kriminèl sèten polisye ki la pou pwojete ak sèvi tout yon popilasyon ap fè depi plizyè tan. Zak kriminèl sa a pa dwe rete enpini se poutèt sa nou mande pou lajistis ak otorite konpetan yo fè limyè prese prese sou zak sila epi arete koupab la ki komèt asasinay sa.

Depi kèk tan, n ap asiste enpwisan divès zak ensekirite nan peyi a, zak sa a yo pa epanye pèsonn e sektè kitirèl la touche anpil. Lanmò PAPADA se twòp atò, nou pa ka kontinye ap viv nan yon peyi kote zantray nou ap rache, pèsonn pa alabri, kote sèl bandi ap fè lalwa. Nou di NON ! Twòp san koule !

Lavi se bagay ki sakre, PAPADA dwe jwenn jistis !

Òganizasyon ak endividi ki siyen nòt sila :

Association Culturelle Akoustik Prod.
Association des Artistes et Artisans de la Croix-des-Bouquets (ADAAC)
Centre Culturel Bel’Art
Chambre des Métiers et de l’Artisanat d’Haīti (CMAH)
Coordination des Artistes et Artisans Bel-Air (CAABEL)
Fondation AfricAmericA
Fondation Culturama
Fondation Culture Création
Fondation Toussaint Louverture
Le Centre d’Art
Les Jeudis de l’Art Contemporain
Mouvement Artistique et Social « Nou Pran Lari A »
Magali Comeau Denis / actrice
Rolando Etienne / comédien